Pwovèb kreyòl konn swiv kèk demach matematik. Pa ekzanp gen pwovèb kreyòl ki tou mache ak sa nou rele nan syans matematik yon “ KOWOLÈ “ ki vle di yon “ KONSEKANS LOJIK DIRÈK DIRÈK “. Kidonk , yon kowolè se yon konklizyon ki sòti dwat dirèk nan yon lòt konklizyon ki pi gran pase l. Pa ekzanp , an nou gade kòman nou defini yon NONM PREMYE :
Yon nonm premye “ P “ se yon nonm antye natirèl ki gen sèlman de(2) divizè pozitif ki se P ak 1. Ebyen definisyon sa a gen kowolè sila : Tout nonm premye pè ki pi gran pase 2 se chif enpè.
Pou ki rezon denyè sa mwen di an wo a se yon kowolè li ye ? Se paske nou ka pwodui l apati d premye definisyon an dirèk dirèk kon sa :
Si yon chif pè pi gran pase 2 atò chif pè sa gen 2 , 1 ak tèt li kòm divizè pozitif. Kidonk li pa ka yon nonm premye. Sa vle di , tout nonm premye ki pi gran pase 2 ap yon chif enpè.
Konye la , an nou gade yon pwovèb kreyòl ki mache ak tout kowolè li ki se yon lòt pwovèb kreyòl.
<< GWO BOUNDA PA DI LASANTE >>
Ki pwovèb ki ka jwe wòl yon kowolè pou pwovèb an wo a ? Ebyen zanmi mwen Alix Julien nan yon ribrik Facebook li rele “ ann aprann pwovèb lakay “ te lage pwovèb sila li te aprann nan men grann li :
<< SI W KOUTE GWO BOUDA , W AP FÈ PITIT NAN MOVE RAS >>
Ebyen ki sa ki fè dezyèm pwovèb la se yon kowolè pou premye pwovèb la ?
An nou wè pou ki rezon ?
Lè ansyen yo te di nou GWO BOUDA PA DI LASANTE , se raple yo ap raple nou yon moun gen dwa gen gwo bounda epi li malad anndan oswa li malad nan jèm ni. Kidonk yon ras moun gwo bouda ka yon ras moun maladif. Sa vle di ou wè ras moun kon sa epi ou konkli daprè trè fizik sa , moun nan an sante , ou ka rantre nan yon ras moun maladif kote pitit pa w yo vin eritye maladi rasyal sa yo— maladi a ka nan jèm moun sa yo menm kidonk maladi a ka maladi jenetik. Klèman refleksyon sa a sou premye pwovèb la mennen nou dwat dirèk nan dezyèm pwovèb la nou ki di “ SI W KOUTE GWO BOUDA , W AP FÈ PITIT NAN MOVE RAS
REMAK : mwen toujou ap fè jefò pou m analize lang zantray mwen. E nan jefò sa yo mwen arive dekouvri yon richès ki defye tout ti prejije kolonyal yo t ap vann mwen depi m te ti katkat. M si e sèten ap gen moun ki pral konfonn refleksyon sila pou yon tradiksyon paske se pa an kreyòl mwen te aprann konsèp matematik la. Men sa moun yo pa konprann se sila : se pa ann angle mwen te dekouvri koneksyon sa ki ekziste ant de pwovèb yo.
Dayè, se talè a la mwen dekouvri koneksyon an nan yon kontèks matematik lè m te tonbe sou dezyèm pwovèb la pou lapremye fwa sou paj yon zanmi. Kidonk refleksyon an nouvèl li menm menm si baz epistemik refleksyon an sòti nan yon edikasyon matematik mwen te fè nan yon lòt lang. Se diferans sa yo anpil moun pa fè lè yo pran tout tèks syantifik an kreyòl pou yon tradiksyon.
Men lè yon chinwa ap travay sou lwa faraday nan syans fizik nan lang yo pou pwodui motè elektwomayetik , se pa nan lang mandaren ide sa yo te premye parèt. Premye chinwa ki te metrize ide sa yo te aprann yo swa ann angle oswa nan yon lòt ki yo menm te aprann li ann angle. Kifè , se sa nou rele DIFIZYON KILTIRÈ la. Pi fò ide syantifik alman yo ap itilize pa te kouman nan lang alman , se menm bagay pou franse tou. Gen lwa Coulomb nan lekòl alman yo men Coulomb te yon franse. Gen lwa Gauss nan lekòl angle yo men Gauss te yon alman. Gen lwa Faraday nan lekòl franse yo men Faraday te yon angle.
Sa montre kritik malpalan yo ap fè kont kreyolis ki ap ekri koze syantifik an kreyòl sou pretèks yo se “ TRADIKSYON “ p ap diskite ak bòn fwa. Paske se kòmkwadirè si nou pa ko dekouvri lwa fizik ann Ayiti , nou pa ta dwe diskite syans menm an kreyòl. Si tout sosyete ki konye la baze sou syans ak teknoloji te adopte yon ATITID KREMÒL kon sa , yo pa t ap janm devlope paske yo t ap kwape pwosesis ki rele DIFIZYON KILTIRÈL la. Kidonk , kritik antikreyolis sa yo pa plis pase “ MOVÈZ FWA “
- Sispann ekri “leu”, “seu”, “peu” pou “lè”, “sè”, “pè”
- Sispann itilize “moin” pou “mwen”
- Kèk Pratik nou dwe Sispann lè n ap ekri ak pale kreyòl